Skip directly to search Skip directly to A to Z list Skip directly to navigation Skip directly to page options Skip directly to site content

Èpès Jenital – Fèy Enfòmasyon CDC

 
This web page is archived for historical purposes and is no longer being updated.
 

collage of people

Èpès se yon maladi moun pran souvan nan fè bagay (sexually transmitted disease, STD). Nenpòt moun ki aktif nan fè bagay kapab pran maladi sa a. Pifò moun ki gen viris la pa gen sentòm yo. Li enpòtan pou konnen menm san siy maladi a, li kapab toujou simaye ba patnè seksyèl yo.

Kisa èpès jenital ye?

Èpès jenital se yon STD moun pran akòz de (2) kalite viris. Viris yo rele èpès senplèks tip 1 ak èpès senplèks tip 2.

Kijan èpès jenital komen?

Èpès jenital komen nan Etazini. Nan Etazini, apeprè youn sou chak sis (6) moun ki gen laj 14 zan ak 49 ane gen èpès jenital. 

Kijan èpès jenital simaye?

Ou kapab pran èpès nan sèks oral, sèks nan vajen oswa sèks nan anis avèk yon moun ki gen maladi a.

Fliyid ki nan blesi èpès la pote viris la, epi yo kontakte avèk fliyid ki kapab lakòz enfeksyon an. Ou kapab pran èpès tou nan yon patnè seksyèl enfekte ki pa gen yon blesi vizib oswa ki ka pa konnen li enfekte paske viris la kapab parèt sou po ou epi simaye enfeksyon an ba patnè seksyèl ou (yo). 

Kijan mwen kapab pa pran èpès?

Ou kapab pwoteje tèt ou pou pa pran èpès lè ou:

  • Pa fè bagay;
  • Lè ou nan yon relasyon estab avèk yon sèl patnè ki te fè tès epi ki gen rezilta tès STD yo negatif;
  • Sèvi ak kapòt latèks ak dig dantè chak fwa w ap fè bagay.

Sentòm èpès yo kapab parèt nan zòn jenital gason ak fanm ki kouvri avèk yon kapòt latèks. Men, kapab gen aparisyon nan zòn ki pa kouvri avèk yon kapòt, poutèt sa kapòt yo ka pa ba ou tout pwoteksyon pou pa pran èpès. 

Mwen ansent. Kijan èpès jenital kapab afekte ti bebe mwen?

Si ou ansent epi si ou gen èpès jenital, li pi enpòtan pou ou pou ale nan vizit pou jwenn swen anvan akouchman. Ou bezwen fè doktè ou konnen si ou te janm gen sentòm èpès jenital, si ou te ekspoze nan èpès jenital oswa si doktè te dekouvri ou gen èpès jenital. Pafwa enfeksyon èpès jenital kapab lakòz ou fè foskouch. Li kapab pi posib pou ou pou akouche tibebe ou twò bonè. Ou kapab transmèt enfeksyon èpès ba tibebe ki nan vant ou epi èpès la kapab enfeksyon ki ka touye tibebe a (èpès apre akouchman). Li enpòtan pou pa pran èpès pandan ou ansent.

Si ou ansent epi ou gen èpès jenital, doktè ka ba ou medikaman kont èpès nan fen gwosès ou pou redui risk pou gen nenpòt sentòm epitou pou redui risk pou transmèt maladi a ba tibebe ou. Nan moman akouchman ou, doktè ou ta dwe egzamine ou pou sentòm yo avèk anpil atansyon. Si ou gen sentòm èpès pandan w ap akouche, anjeneral yo fè yon “seksyon C” (sezaryèn) pou ou. 

Kijan mwen konnen si mwen gen èpès jenital?

Pifò moun ki gen èpès pa gen sentòm ditou oswa yo gen sentòm ki modere anpil. Ou ka pa remake sentòm modere yo oswa ou ka fè erè pou panse yo se yon lòt pwoblèm ou gen sou po ou, tankou bouton oswa pwal ki pa grandi. Akòz sa, pifò moun ki gen èpès pa menm konnen sa.

Anjeneral blesi èpès jenital parèt kòm youn oswa anpil ti boul nan oswa toutotou pati jenital yo, rektòm nan (twou dèyè) oswa bouch la. Ti boul yo pete epi yo kite ti blesi ki bay doulè epi ki ka kèk semèn pou yo geri. Sentòm sa yo rele souvan “gen yon aparisyon”. Lè yon moun gen yon aparisyon pou premye fwa moun nan ka gen sentòm grip tou tankou lafyèv, doulè nan kò oswa glann anfle.

Aparisyon èpès ki retounen yo komen, sitou pandan premye ane a apre enfeksyon an. Anjeneral, aparisyon ki repete yo pi kout epi yo mwen grav pase premye aparisyon an. Menmsi enfeksyon an kapab rete nan kò a pou rès lavi ou, kantite aparisyon yo ka diminye apre yon kantite ane.

Doktè ou ta dwe egzamine ou si ou remake nenpòt nan sentòm sa yo oswa si patnè ou gen yon STD oswa sentòm yon STD, tankou yon blesi li pa abitye genyen, yon dechaj ki gen move odè, brili lè l ap pipi, oswa senyman ant lè li gen règ yo. 

Kijan doktè mwen ap konnen si mwen gen èpès?

Anpil fwa, pwofesyonèl swen sante ou kapab dekouvri ou gen èpès jenital lè li senpleman gade sentòm ou yo. Pwofesyonèl swen sante yo kapab pran yon echantiyon nan blesi a (yo) tou pou teste li (yo). Pale yon fason ki onèt ak serye avèk pwofesyonèl swen sante ou epitou mande li si ou ta dwe fè tès pou èpès oswa pou lòt STD.

Èske èpès kapab trete?

Pa gen tretman pou èpès. Men, gen medikaman ki kapab anpeche oswa diminye aparisyon yo. Ou kapab pran youn nan medikaman sa yo pou èpès chak jou, epitou medikaman ou pran an ap fè li gen mwens chans pou transmèt enfeksyon an ba patnè seksyèl ou (yo). 

Kisa k ap pase si mwen pa trete?

Èpès jenital kapab lakòz ou gen blesi jenital ki ba ou doulè epi maladi a kapab grav sou moun ki gen sistèm defans yo ki fèb. Si ou manyen blesi ou yo oswa likid ki sòti nan blesi yo, ou ka transfere èpès la nan yon lòt pati kò ou, tankou zye ou. Pa manyen blesi yo oswa likid yo pou pa transmèt èpès la nan yon lòt pati kò ou. Si ou manyen blesi yo oswa likid yo, byen lave men ou imedyatman pou ede ou pa transmèt enfeksyon ou.

Kèk moun ki gen èpès jenital gen enkyetid pou fason sa pral gen konsekans sou sante jeneral yo, lavi seksyèl yo, ak relasyon seksyèl yo. Li pi bon pou ou pou pale avèk yon pwofesyonèl swen sante sou enkyetid sa yo, men tou li enpòtan pou rekonèt menmsi èpès pa kapab trete, ou kapab kontwole li. Paske yon dyagnostik èpès jenital ka afekte fason ou pral santi ou konsènan relasyon seksyèl ou nan moman ak pidevan, li enpòtan pou konprann kijan pou pale avèk patnè seksyèl ou yo konsènan STD yo. Ou kapab jwenn yon resous nan lyen ki anba la a: GYT Campaign, http://npin.cdc.gov/stdawareness/GYT.aspx

Si ou ansent, kapab gen pwoblèm pou ou ak tibebe ki nan vant ou. Gade seksyon “Mwen ansent. Kijan èpès jenital kapab afekte ti bebe mwen?” ki anwo a pou jwenn enfòmasyon sou sa. 

Èske mwen toujou kapab fè bagay si mwen gen èpès?

Si ou gen èpès, ou ta dwe fè patnè seksyèl ou (yo) konnen sa, epitou ou ta dwe fè li konnen ou gen maladi a ak risk ki gen pou wè ak sa. Si ou sèvi ak kapòt sa ka ede ou diminye risk la, men sa p ap elimine risk la nèt. Si ou pa gen blesi yo oswa lòt sentòm èpès sa kapab diminye risk la tou, men pa okonplè. Menmsi ou pa gen nenpòt sentòm, ou kapab toujou enfekte patnè seksyèl ou yo. 

Ki relasyon ki genyen ant èpès jenital ak VIH?

Èpès jenital kapab lakòz blesi oswa fant nan po oswa nan pawa bouch la, vajen an ak rektòm nan. Blesi jenital èpès lakòz yo kapab senyen fasil. Lè blesi yo pran kontak avèk bouch la, vajen an, oswa rektòm nan pandan w ap fè bagay, yo ogmante risk pou transmèt oswa pou pran VIH si oumenm oswa patnè ou gen VIH. 

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

Divizyon Prevansyon STD
(Division of STD Prevention, DSTDP)
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi
www.cdc.gov/std

Rechèch sou sante pèsonèl ak enfòmasyon sou STD:

Sant Kontak CDC-INFO
1-800-CDC-INFO (1-800-232-4636)
Kontakte www.cdc.gov/info

Resous:

Rezo Nasyonal CDC pou Enfòmasyon sou Prevansyon
(National Prevention Information Network, NPIN)
https://npin.cdc.gov/disease/stds
P.O. Box 6003
Rockville, MD 20849-6003
Imèl: npin-info@cdc.gov

Asosyasyon Ameriken pou Sante Seksyèl
(American Sexual Health Association, ASHA)
http://www.ashasexualhealth.org/
P.O. Box 13827
Research Triangle Park, NC 27709-3827
1-800-783-9877

 

Dat dènye revizyon an: 23 Janvye 2014

Top